|
Anplwaye revoke devan batiman Natkom lan

Lendi 30 Out pase a, plizyè dizèn
anplwaye revoke nan Teleko, nan
koumansman manda Rene Preval
la, te oganize yon sitin devan lokal
Teleko a, ki tounen "Natcom, S.A,"
ki chita nan ri Martin Luther King,
zòn Pon-Moren, pou yo te reklame
36 mwa dedomajman ak mezi dakonpayman
pou tout revoke yo. Sitin
sa a te fèt nan yon moman kote l ta
sanble responsab ayisyen yo ta pral
pase mayèt la bay responsab Viettel
yo, yon konpayi peyi Vietnam ki ta
achte 60 pousan aksyon konpayi a
pou 59 milyon dola vèt. Objektif sitin
revoke yo se te montre nouvo responsab
konpayi sa a, Leta ayisyen toujou
genyen yon angajman ak anplaye
Teleko yo epi fè yo konnen anplwaye
yo pa t rekonè aksyon sa a dirijan yo
te komèt, pandan yo rete dwe anplwaye
36 mwa konpansasyon.
Pandan anviwon 2 zèd tan,
revoke yo, ki te jwenn sipò plizyè
lòt militan politik nan Tèt Kole
Oganizasyon Popilè yo, ak nan komisyon
Mobilizasyon Fanmi Lavalas,te
chofe anpil, voye anpil pawòl piman
bouk kont Rene Preval, gouvènè
bank Santral la, Charles Castel, direktè
Teleko a, Michel Presume, direktè
CMEP la, Yves Bastien. Manifestan
yo te avèk mayo yo ki make" 36
mwa pou revoke yo" Sitiyasyon sa a
te fòse dirijan Teleko yo ak "Natcom
yo ranvwaye seremoni pasasyon
konpayi a, daprè revoke yo, ki se
yonn nan patrimwàn peyi a. Sa k pi
rèd la, laprès te deja rive sou plas ap
tann seremoni an e pèsonn pa t vin
pale ak jounalis yo, lè yo te wè sa yo
te sètoblije al fè wout yo. Jiskaprezan,
okenn moun pa okouran si seremooni
sa a te rive fèt.
Fritz Gerald Charles, sekretè jeneral
Platfòm anplwaye viktim entrepriz
piblik yo (PEVEP) te deklare : «
Nou vin la a jodi a, pou n ka defann
dwa nou, jan mesye yo te revoke nou
nan antrepriz piblik yo, sou pretèks
y ap privatize bwat la, nan kad privatizasyon
antrepriz piblik yo. E
noumenm nou konnen revokasyon
sa yo lye ak yon fwod, ak yon enfraksyon
yo fè nan yon antrepriz.
Donk si nèg yo leve kanpe yon bon
maten, yo ba w yon lèt revokasyon,
revokasyon sa a abitrè e ilegal. E
kòm konsekans depi 3 lane n ap mobilize,
pou egzije dirijan antrepriz yo
peye n 36 mwa dedomajman ak kèk
mezi dakonpayman.
Mentnan, sitin sa a, koresponn
direktèman a pasasyon mesye yo te
deside fè jodi a la, yo t ap pase Teleko
a Natcom. Difètke yo te konnen n ap
òganize yon sitin, donk yo ranvwaye
pasasyon an, yo ranvwaye seremoni
sa a. sa montre klè nèg yo konprann,
yo rekonèt yo fè anpil manman ak
papa pitit mal. Nou menm nou di,
pliske gouvènman an debloke yon
miyla 200 milyon goud pou fonksyonè
Leta yo, e nou menm nou genyen 40
milyon goud nan bidjè 2009-2010
la, apati 30 septanm bidjè ap pran
fen. Poukisa, menm gouvènman sa a
pa ka debloke 40 milyon goud sa a
konplete l pou peye revoke yo ? »
Depi kèk jou, tout moun k
ap pase nan zòn Pon-Moren an ap
konstate, anlè tèt Bildin Teleko a, yo
make : « Natcom, S.A La vraie compagnie
nationale de Télécommunications
». Direktè konsèy modènizasyon
antrepriz piblik yo (CMEP) Yves
Bastien, konfi me genyen dispozisyon
k ap pran pou remèt konpayi Teleko a
bay responsab Viettel yo sou Natcom.
N ap raple w, sou premye manda
Rene Preval la 1995-2000, li deja
privatize 2 antrepriz Leta ayisyen te
posede : Minotri ak Siman Dayiti. Sou
dezyèm manda li a, li rive privatize pi
gwo konpayi telekominikasyon peyi
a te gneyen e l ap rapouswiv ak vann
antrepriz Leta yo kouwè :otorite pòtyè
nasyonal (APN), Ayewopò Pòtoprens
lan, Elektrisite Dayiti (EDH) elatriye
Nan kad aplikasyon politik
neyoliberal la, yo rele plan lanmò
nan peyi Dayiti, se pa sèlman antrepriz
piblik yo Rene Preval ak akolit
li yo ap vann, nan mwan avril pase
a, yo vann peyi a akredi bay gwo
peyi enperyalis yo, ki genyen nan
tèt yo Bill Clinton ak yon lwa dijans
18 mwa, sou pretèks peyi a bezwen
rekonstwi aprè katastwòf 12 janvye
pase a. Depi lè sa a okenn pwojè pa
janm reyalize pou viktim 12 janvye
yo, yo toujou kontinye ap viv anba
moso dra sal, sou tout plas piblik yo,
nan kapital la e yo toujou ap pwoteste
kont movè sitiyasyon yo, menm jan
ak viktim revokasyon ilegal e abitrè
anplwaye antrepriz Leta yo : Teleko,
ONA, SMCRS, APN elatriye.
|